Yon nonm pann tèt li, akòz li paka reziste ak sitiyasyon peyi a 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
yon nonm pann tèt li, akòz li paka reziste ak sitiyasyon peyi a 

Si gen moun ki dakò fè fas ak kriz aktyèl la nan peyi a ki konpoze pami lòt bagay tankou kidnapin, ensekirite, chomaj, lavi chè ak rate gaz, jenn gason sa a ki rekonèt sou non Jean, te deside mete yon fen ak lavi l akòz li bouke ak monte soufrans lan nan peyi a. 40 lane, li pa nan travay li pa p leve ni lou ni lejè, li deside pann tèt li ak yon kòd pou di ase ak kalamite l ap fè fas depi konbyen lane. 

Dram sa a, ki te dewoule wikenn ki sot pase a, te lakòz yon veritab chòk nan katriyèm seksyon « Bellevue la Montagne » andedan komin Pettonvil.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Daprè kèk vwazen, Jan te yon nonm marye, madanm li malad gravman grav, li fè plizyè mannèv pou granmèsi pou jwenn lajan pou pran swen madanm li ki entène lopital.  

Li te wè meyè solisyon an se te tiye tèt li, madanm li toujou ap soufri lopital, pyès moun pa an mezi pou lokalize nan ki lopital madanm nan ap pran swen toutfwa, vwazinaj yo te deja pran mezi nesesè pou wete kadav nonm nan nan kay la pou l pat degaje vye sant epi pwovoke maladi nan kanton an. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.