Yon nouvo Komisè gouvènman prete sèman nan Pòdepè

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon nouvo komisè gouvènman prete sèman nan pòdepè
Mèt Félix Applys, se non nouvo Komisè gouvènman sa a ki prete sèman nan jiridiksyon Pòdepè nan kòmansman semèn nan, se sa nou aprann. Responsab la pran kòmand Tribinal Premye Entans (TPI) vil la epi ranplase nan pòs sila Mèt Michelet Virgile ki nan prizon.
Wi, Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH), nan Nòdwès, te arete madi 12 jiyè pase a ansyen chèf lajistis Pòdepè a Mèt Michelet Virgile. Li pèdi djòb li aprè l te fin libere 2 moun yo te arete pou swadizan patisipasyon yo nan aterisaj yon gwo kagezon minisyon abò yon bato ki te rele « Miss Lily » nan dat 1ye jiyè, nan menm ane a.
Aprè yo te fin mete l an disponiblite, ansyen Minis Jistis ak Sekirite Piblik Berto Dorcé te nonmen Mèt Bertin Vital komisè enterimè Pakè Pòdepè a.
Pou kounya, apenn li rive nan pòs li, nouvo titilè TPI Pòdepè a, Mèt Félix Applys pwomèt l ap fè tout sa li kapab pou l ka tabli yon jistis san paspouki nan depatman Nòdwès la.
Avan l okipe fonksyon sila, n ap siyale li te deja pase kòm komisè gouvènman nan Senmak, Kwadèboukè, Mibalè ak Jakmel.
Responsab la mande popilasyon an kolabore avèk li nan lide pou konbat ensekirite a nan jiridiksyon li an, pandan l pral goumen kont bandi k ap vin simaye latwoublay nan Pòdepè.
Mèt Félix Applys, nan deklarasyon l, te tou pwofite manyen dosye gaz la k ap vann sou mache nwa nan Pòdepè, yon fenomèn li pwomèt l ap konbat, menm jan ak zafè detansyon prevantif pwolonje a, pami kèk lòt pwen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.