Yon nouvo pwogram migrasyon imanitè pou fasilite rantre nan peyi Etazini

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon nouvo pwogram migrasyon imanitè pou fasilite rantre nan peyi etazini

Aprè “Humanitarian Parole”, administrasyon amerikèn lan anonse yon nouvo pwogram sejou kondisyonèl pou migran divès peyi nan rejyon an ki vize fasilite rantre sou teritwa ameriken an legalman.

USCIS k ap jere kesyon migrasyon nan peyi Etazini anonse desizyon ki pran pou vini ak divès lòt pwogram imanitè nan lide pou pèmèt plis moun benefisye yon estati legal nan rantre yo sou teritwa ameriken an.

Daprè otorite USCIS yo, nan pa twò lontan, administrasyon amerikèn lan ap mete sou pye yon nouvo pwogram migrasyon imanitè sou non « Reyinifikasyon familyal» avèk prèske menm objektif sa ki lanse depi mwa janvye ki sot pase a.

Atravè pwogram sejou kondisyonèl sa yo, gouvènman ameriken an vize konbat kantite migran k ap rantre ilegalman prèske chak jou sou teritwa yo an. « Reyinifikasyon familyal » la pral kapab fasilite sitwayen etranje nan rejyon an rejwenn fanmi yo k ap viv nan peyi Etazini.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.