Yon otèl 5 etwal pou loje seleksyon ayisyèn fanm lan nan peyi Ostrali

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon otèl 5 etwal pou loje seleksyon ayisyèn fanm lan nan peyi ostrali
Medam Grenadye yo ki pami 32 seleksyon k ap gen pou patisipe nan uityèm edisyon Koupdimond fanm lan, gen pou tabli baz li an Ostrali nan « Rendez-vous », yon otèl 5 etwal nan vil Perth, daprè biwo kominikasyon FHF la.
Aprè evalyasyon ansanm dirijan Federasyon an, delegasyon ayisyèn lan ap gen pou enstale l nan pati oksidantal Ostrali a, nan « Rendez-vous » otèl ki twouve l tou prè Perth Boorloo k ap gen pou sèvi kòm kan antrènman.
Apati mwa jiyè k ap vini la, medam Grenadye yo ki te valide biyè kalifikasyon yo aprè baraj entèkontinantal yo gras ak viktwa yo (2-1) fas seleksyon chilyèn lan, pral gen pou patisipe nan edisyon mondyal sa k ap fèt nan peyi Ostrali ak Nouvèl Zelann.
Sou diferan kont ofisyèl li yo, FIFA rann piblik jodi mèkredi an yon ansanm detay sou kan kote 32 patisipan pwochen Koupdimond fanm lan ap gen pou baze. Menm jan ak tout lòt seleksyon yo, delegasyon ayisyèn lan ap gen pou loje nan yon otèl 5 etwal.
Nan kad preparasyon pou pwochen Koupdimond lan, seleksyon nasyonal ayisyèn nan, ap gen pou reyalize yon premye estaj nan peyi Latiki sòti 3 pou rive 11 avril kote ladan l medam Grenadye yo ap gen pou jwe kont Nijerya ak Mòldavi.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.