Mesüt Özil mete yon bout nan karyè li

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
mesüt Özil mete yon bout nan kanryè li

Aprè 17 ane karyè kòm profesyonèl, Mesüt Özil deside mete fen nan karyè li. Aprè yon eksperyans difisil nan peyi Latiki, kote l tap evolye nan klèb Başakşehir a. Se sou rezo sosyal yo, ansyen entènasyonal Almann fè konnen li deside kanpe sou karyè profesyonèl li, ak selman 34 lane.

Youn nan gran mitan teren jwèt foutbòl la te konnen pou 15 dènyè ane sa yo, deside mete yon bout nan karyè li aprè yon pasaj difisil nan Başakşehir, yon klèb nan peyi Latiki. Men kijan jwè a te fè anons lan sou rezo sosyal yo:  » aprè plizye refleksyon, m deside pran retrèt profesyonèl mwen. M te gen posibilite pou m te profesyonèl pendant 17 lane, m rekonesan anpil paske m te gen opòtinite sa ».

- Advertisement -
Ad imageAd image

Jwè a ki kòmanse karyè li ak 18 lane nan Schalke 04, talan li ta pral ba li anpil lòt opòtinite pou avanse ak rèv li nan Werder Brême, Real Madrid, Arsenal, Fenerbahçe, epi Basaksehir.

 » dènyè tan sa yo, m blese anpil. M kwè se moman pou m kanpe epi bay jwèt foutbòl la vag. M fè yon vwayaj enkwayab nan karyè m. M viv yon ekip moman inoubliyab, m pwofite remèsye tout klèb m te pase yo, antrenè mwen yo ak chak grenn koyekipye m te genyen. » Se sa ansyen jwè Real Madrid la fè konnen.

Kijan sa te ye pou Özil nan klèb ?

Li kòmanse karyè li ak 18 lane nan Schalke 04, kote li pase 2 sezon, aprè li rejwen Werder Brême, yon klèb li pran yon Koup Almay ak li. Aprè bèl pèfomans li nan chanpyon Almay la. Özil ta pral rejwen Real Madrid nan lane 2010, ak klèb Espanyol la, palmarés li ta pral ranpli ak Tit : Liga, Copa del Rey, super Koup Espay.

Aprè pasaj li nan Real Madrid, jwè Almann ta pral siyen nan Arsenal an 2013, ak klèb Anglè a Özil ta pral pran 7 tit : 4 FA Cup et 3 Community Shield.

Özil te yon pyès enpòtan pou Nationalmannschaft la

Ak 21 lane sèlman Mesüt Özil te gentan ap pote mayo seleksyon Almay la. Gwo pèfomans li yo nan mitan teren Nationalmannschaft la, ta pral ede Almay pran Mondyal 2014 la sou Ajantin(1-0). Pou 92 match li jwe pou seleksyon an, li te rive fè 23 gòl.

- Advertisement -
Ad imageAd image

An jeneral Mesüt Özil jwe 711 match pendant karyè li, talan li, potansyalite li ak still jwèt li, te fè Coach tankou José Maurinho, Zinedine Zidane renmen l anpil. Pasaj li nan foutbòl la, ap enspire plizye jenerasyon.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive