ENS endiye epi denonse asasina etidyan Tchadensky Jean-Baptiste

Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice  - Rédacteur
ens endiye epi denonse asasina etidyan tchadensky jean baptiste

Lekòl Nòmal Siperyè (ENS), antite nan Inivèsite Leta d Ayiti (UEH), eksprime, atravè yon nòt, endiyasyon li apre lanmò etidyan Tchadensky Jean-Baptiste, ayè madi 21 mas 2023 a. Direksyon jeneral enstitisyon an dekri viktim nan kòm youn nan zetwal ki t ap klere nan ENS la, yon pwofesè ki te gen yon avni ki sèten, pasyone pou literati ak teyat.

Vrèman vre, Direksyon Lekòl Nòmal Siperyè (ENS) nan nòt sila, fè konnen yo choke, endiye ak revòlte aprè anons lanmò vyolan etidyan an nan 3yèm ane depatman Lèt modèn nan ENS la, Tchadensky Jean Baptiste, ki te youn nan etidyan ki te pi pwomèt nan klas li a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Li te yon Manm nan Sèk Literati nan Lekòl Nòmal
Siperyè (ENS) pasyone pou teyat, trè endepandan nan karaktè ak lespri men ki respekte tout moun ak solidarite ak kamarad li yo « , te ekri Direksyon ENS nan nòt li a, tout pandan li fè konnen lanmò etidyan an se yon gwo pèt pou fanmi li ak pou peyi a.

Se sak fè, Direksyon Lekòl Nòmal Siperyè a (ENS) di sitiyasyon dejenere sa paka rete konsa nan peyi a.

« Nou pa kapab epi nou pap tolere sitiyasyon sa a endefiniman. Se sou onè nou ak diyite nou,” kontinye ENS ki endike enstitisyon an pap travay Mèkredi sa a kòm yon siy kòlè sou asasina etidyan yo a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.