Yon pòtrè Mikaben anpil atis Ayisyen siyen disparèt, madanm atis la mande pou tout moun ede l jwenn li

Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus  - Rédactrice
yon pòtrè mikaben anpil atis ayisyen siyen disparèt, madanm atis la mande pou tout moun ede l jwenn li
Nan yon piblikasyon Instagram ki fèt ayè mèkredi 16 novanm nan, Vanessa Fanfan, Madanm Mikaben fè konnen gen yon pòtrè atis la ki disparèt, depi aprè selebrasyon lavi defen an. Vanessa mande pou tout moun ta ede l jwenn pòtrè a.
Pòtrè sila ki fè referans ak kouvèti albòm MKBN atis la, te afiche nan seremoni selebrasyon lavi l ,fanmi li te òganize jou ki te 6 novanm nan, nan Miramar, nan eta Florid Etazini. Plizyè atis, zanmi ak fanatik defen an te siyen sou tablo sa. Men depi jou sa, li disparèt.
« Nan jou selebrasyon lavi Mika, 6 novanm, Bendino te fè yon tablo ke anpil nan zanmi Mika yo ak fanatik li yo te siyen. Depi jou sa, tablo a disparèt. Si nou ta gen enfòmasyon de kote li ye, tanpri fè nou konnen. Li gen anpil valè santimantal pou nou. Mèsi. » se sa madanm MikaBen ekri sou rezo sosyal yo.
Olivier Duret, kolaboratè ak zanmi MikaBen fè yon piblikasyon sou reszo yo tou, ki ale nan menm sans sa, pou mande pou fanmi atis la jwenn tablo a.
« Mwen paka kwè mwen pral mande yon bagay konsa, men moun ki pran tablo sa, tanpri pote l tounen bay mèt li. Si jamè ou wèl yon kote tou, tanpri fè nou konnen. Mèsi. Se Bendino ki fè l e ki siyen l, ansan m avek anpil siyati yon pil lòt atis. »
Bendino Camillo te reyalize pòtrè sa kòm yon omaj ak atis la ki mouri brit sou kou 15 oktob pase a, aprè li finn pèfome nan konsè ki make 20 lane gwoup CaRiMi an. Zèv sa te ekspoze nan jounen selebrasyon lavi MikaBen 6 novanm pase a, ansanm ak anpil lòt foto atis la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.