Yon ralantisman nan distribisyon gaz la nan Tèminal Varreux

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon ralantisman nan distribisyon gaz la nan tèminal varreux
Nan kad distribisyon pwodui petwolye yo k ap fèt nan Varreux depi repriz aktivite yo nan tèminal la, se anviwon yon santèn kamyon chaje ki kite espas la. Pou semèn 14 pou rive 20 novanm lan gen yon bès nan kantite gaz ki livre yo.
Daprè chif ki pibliye regilyèman sou kont Twitter Tèminal Varreux, sòti 14 pou rive 20 novanm 2022 a, anviwon 4 milyon galon gaz ki livre nan plis pase yon santèn kamyon ki chaje nan sant estokaj WINECO a.
Yon kantite ki diminye pa rapò ak semèn avan an, kote te gen plis pase 6 milyon galon gaz ki te rive kite espas la nan anviwon 700 kamyon ki te chaje pou al livre nan divès estasyon esans nan peyi a.
Chajman yo bese de prèske 30 pousan, konpare ak semèn avan an, sòti 8 pou rive 14 novanm 2022 an, kote te gen plis pase 6 milyon galon gaz ki te kite espas la.
Nan chajman ki fèt pou peryòd 14 pou rive 20 novanm lan gen 2,203,160 galon dyezèl, 36,550 galon kewozèn ak 1,796,510 galon gazolin ki sòti nan Tèminal Varreux an.
Yon ralantisman ki gen enpak sou distribisyon gaz la nan ponp yo ki te demare samdi 12 novanm pase a kote plizyè estasyon sèvis deja kòmanse ap bay ratman nan sèvis y ap ofri konsomatè yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.