Pou premye fwa depi 1978, Mondyal la p ap gen Balon dò an tit la 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
pou premye fwa depi 1978, mondyal la p ap gen balon dò an tit la 

Aprè yo te fin anonse l fòfè pou premye match Lafrans nan Mondyal la, nou aprann Karim Benzema ap rate tout konpetisyon. Se premye fwa depi 1978 detantè Balon dò p ap patisipe nan Koup Di Mond lan. 

Definitivman, Mondyal Kata 2022 a pa sispann anrejistre absans yon pakèt sipèsta pou koz blesi. Sadio Mané se te dènye gwo pwason ki te tonbe anba blesi pou l pa jwe tounwa a. 19 Novanm nan, Karim Benzema blese nan antrènman e li tou konfime li p ap jwe Koup Di Mond lan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Se yon gwo kou pou Lafrans ki deja pèdi anpil kad, ladan yo plizyè jwè ki te chanpyon nan edisyon ki sot pase a, sa gen 4 lane, nan peyi Larisi. Nou p ap ka bliye N’Golo Kante ak Paul Pogba, 2 patwon mitan teren Lafrans lan, ki te deklare fòfè depi avan. Nan preparasyon yo, Lafrans pèdi Kimpembe avèk Nkunku.  

KB9 pa pote l byen depi lè sezon an kòmanse, dayè li rate plizyè match Real Madrid. Se yon blesi nan kwadrisèp kwis goch li ki elwànye de Koup Di Mond 2022 a. Se premye fwa depi 1978 nou p ap gen Balon dò a nan Mondyal la. Sa te rive nan lane sa avèk Ronald Keegan.   

« Nan lavi mwen pa janm abandone, men aswè a m dwe panse ak ekip la janm te toujou fè l. Larezon di m kite plas mwen pou yon lòt ki ka ede gwoup la fè yon bèl Koup Di Mond. Mèsi pou tout mesaj soutyen nou » se mesaj sa aktyèl Balon dò a te poste sou rezo k yo kèk èdtan aprè anons fòfè a.  

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.