Yon rapè ris 27 lane touye tèt li pou l pa al nan gè an Ikrèn 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
yon rapè ris 27 lane touye tèt li pou l pa al nan gè an ikrèn 

« Si w ap gade videyo sa a, mwen pa vivan ankò.  Mwen pa ka fè peche touye moun epi mwen pa vle.  Mwen pa pare pou touye moun sou okenn fòm. Asasine yon moun, kit nan lagè oswa yon lòt kote, se yon bagay mwen pa ka fè « , se dènye pawòl Ivan Petunin, yon jenn rapè ris. 

Jenòm 27 lane a retire lavi l pou l te ka sove anba gwo mobilizasyon prezidan Vladimir Poutine lanse pou tout sòlda ki nan rezèv yo te kapab rejwenn lame ris la pou al konbat nan peyi Ikrèn. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ivan Petunin, yo plis konnen sou non Walkie te deside pa rejwenn fòs defans peyi Larisi a aprè Poutine te bay lòd la, aprè piblikasyon yon videyo sou rezo sosyal yo kote l te fè opinyon l pase sou zafè sila, yo t al jwenn kadav li anba yon imèb vandredi pase a nan zòn Krasnodar, nan lwès teritwa ris la. 

Avan l te met fen ak vi li, rapè 27 lane a te mande tout fanmi ak pwòch li eskiz pou chwa sila. Li fè konnen pafwa fòk ou pare pou w mouri pou prensip ou. 

« E de tout fason, desizyon final mwen an se konnen kijan mwen pral mouri.  Swa w mouri anba men moun ou fin atake yo, epi pase nan listwa kòm yon moun ki te sipòte sa k ap pase aktyèlman oswa eksprime dènye pwotestasyon w ». 

« Nou tout vin prizonye yon nonm ki san pitye ki baw chwa pou al nan prizon, lame oubyen chwa mwen fè a [nan referans ak swisid] », se te dènye pawòl rapè ris la, nan yon videyo k ap fè laviwonn rezo sosyal yo. 

Daprè Daily Mail la, jenn gason an te sèvi nan lame Ris la anvan l te vin konsakre tan l ak rap sèlman.  Se poutèt sa li te dwe youn nan 300,000 rezèvis yo te mobilize pou al batay an Ikrèn. Tan l ale li pito touye tèt li. 

N ap raple, depi anons Vladimir Poutine te fè mèkredi 21 septanm pase a, anpil Ris ap eseye, pa tout mwayen, chape anba enskripsyon sila. Yo mawon pou yo pa rejwenn lame ris la ki deja sou chan batay la an Ikrèn. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.