Miragwàn : plizyè manifestan anvayi yon polisye anba pataswèl 

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
Foto : Nouvelis

Mackendy Derilus, se non polisye sa a, ki rekonèt yon mawoule souflèt nan men plizyè militan ki te drese divès barikad nan vil Miragwàn, ayè madi 4 oktòb 2022 a. Poliye a ki t ap tante travèse youn nan barikad yo ki te nan zòn Chalon, pase yon move moman anba men pwotestatè yo. 

Tansyon an toujou nan pi gwo nivo a nan sèten vil peyi a, sitou Miragwàn, lari yo toujou barikade, toujou nan menm entansyon yo, jwenn yon satisfaksyon fas ak lavi chè a, bese pri gaz la, epi jwenn demisyon PM Ariel Henry nan tèt primati a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Dèyè barikad yo, manifestan yo kanpe kou kong. Polisye Mackendy Derilus tap eseye travèse youn nan fòs barikad yo nan zòn Chalon, kèk manifestan ki tap diskite ak li pou anpeche l franchi limit barikad la anvayi l ak souflèt, selon yon sous lokal, manifestan yo te menm mare polisye a, plizyè sitwayen sapata ajan an ak kout pwen paske l te refize koute prensib ki te tabli pou barikad la. 

Kèk militan ki tap swiv sèn nan te rantre nan foul la epi sove Mackendy Derilus kèk minit aprè, anvan menm lòt polisye konfrè li yo te vin pote l sekou. 

Toujou selon sous la, 2 moun te blese anba bal nan menm okazyon an, pami yo, popilasyon an te gen chans idantifye Néard Junior Louis, viktim yo ap resevwa swen nan youn nan lopital ki chita nan vil la. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.