Nan yon lèt tou louvri li adrese ak nasyon an jounen lendi 3 oktòb 2022 an, Mouvman kretyen pou yon nouvèl Ayiti (MOCHRENA) ensiste sou nesesite pou gen yon vrè tranzisyon koupe fache nan peyi an pou rezoud kriz sa Ayiti ap fè fas depi kèk tan.
Daprè konsta Sadrac Dieudonné, peyi a sanble ak yon bato san gouvènay, ki lage sou kont van an, anba je yon gwoup dirijan sinik, enkonpetan, ki totalman depase fas ak kriz sa k ap sakaje peyi an depi kèk tan.
Pati Mouvman kretyen pou yon nouvèl Ayiti prezante sitiyasyon peyi a kote pouvwa piblik piblik yo pa sispann efondre, gang ak zam ki prèske fin okipe tout teritwa a, vyolans tout kalite, ekonomi peyi a k ap toufe, ansanm ak anviwon 80% popilasyon an k ap soufri grangou.
Nan lèt tou louvri sa, pati a regrèt gen kèk siwtayen, olye yo detèmine pou chanje reyalite a, prefere sakrifye enterè kolektif la pou senp ti enterè meskin.
Mouvman kretyen pou yon nouvèl Ayiti ki gen 24 lane eksperyans nan zafè politik anndan peyi an fè konnen y ap kontinye atire atansyon tout gwoup anndan peyi a ak nan entènasyonal la sou nesesite pou gen yon vrè tranzisyon koupe fache k ap kapab rezoud kriz peyi a.
Yon tranzisyon ki ta dwe gen pou misyon mete fen ak tout pratik koripsyon ki gen anndan Leta a, dinamize ak modènize administrasyon piblik la, ranfòse Lapolis ak lajistis, kraze gwoup gang yo sou tout teritwa a, daprè pati MOCHRENA.
Facebook Comments