Yon rekò istorik pou enflasyon an ki depase 38 % an Ayiti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon rekò istorik pou enflasyon an ki depase 38 % an ayiti
Yon katastwòf ki malerezman pa fè aktyalite nan sa k ap vin jwenn nou kòm enfòmasyon chak jou yo. Nan dènye chif IHSI pibliye yo, enflasyon an atenn yon nivo rekò sou yon ane kote l rive jiska 38,7 %. Avèk yon nivo parèy, Ayiti vini 4èm peyi nan rejyon an kote to enflasyon an pi wo.
Enstiti ayisyen estatistik ak enfòmatik (IHSI) prezante dènye chif sou varyasyon enflasyon an pou ane fiskal 2022 a kote pou mwa septanm lan Ayiti anrejistre yon nivo rekò avèk yon ogmantasyon 38,7 % sou 12 dènye mwa yo.
Daprè IHSI, nan mwa septanm 2022 an, enflasyon an konnen yon monte enpòtan avèk prensipalman yon varyasyon +8,2% pou mwa septanm lan ak yon ogmantasyon 38,7% sou 12 dènye mwa yo, kont +3,2% ak 30,5% an jiyè 2022.
Daprè done estatistik IHSI pibliye yo, pwodui ki konnen pi gwo varyasyon nan kad ogmantasyon to enflasyon tèt chaje sa se prensipalman pwodui premye nesesite yo, rad pou moun abiye ak materyèl medikal tankou linèt espesyalize ak radyografi.
Rejyon metwopolitèn lan ak gran Sid peyi a se de prensipal rejyon ki konnen yon to ogmantasyon pi wo nan enflasyon an. Zòn metwopolitèn lan ki gen Pòtoprens, Dèlma, Petyonvil, Kafou ak Kwadèboukè konnen yon ogmantasyon 39,5% pou ane a. Gran Sid la ki gen Grandans, Sid ak Nip, konnen bò kote pa l anrejistre yon to enflasyon 41,1%.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.