Mawòk, yon reprezantan valab pou kontinan Afriken an 

Jephte Pascal
Par
Jephte Pascal
Rédacteur
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.
- Rédacteur
mawòk, yon reprezantan valab pou kontinan afriken an 

Mawòk se seleksyon ki fini premye nan Gwoup F la ki te gen Kwowasi ak Bèljik la, avèk 7 pwen. Mawòk se premye peyi Afriken ki genyen gwoup li a nan Koupdimonn depi 1998. 

Sou papye, pèsòn pa t ap bay Mawòk favori pou Gwoup F la. Li te gen ladan l Kwowasi, vis chanpyon an tit epi Bèljik ki se ekip ki fini twazyèm nan dènye Mondyal la. Se sèl Kanada, ki t ap patisipe pou dezyèm FWA, ki te mwens fè moun pè pou Mawòk. 

Lè n moute teren, tout pwonostik yo dejwe. Mawòk fè tèt pou tèt ak Kwowasi (0-0) pou premier sòti li. Dezyèm jounen an, li ba t Bèljik (2-0) nan yon match li te byen metrize epi l konfime premye plas gwoup la pandan l bat Kanada (2-1) nan dènye match la. 

Depi 1998, okenn ekip Afriken pa t rive fini premye nan gwoup li. Nan lane sa, se te Nijerya ki te fè eksplwa sa. Ekip Mawòk la li menm fè sa pandan l te jwenn 2 gwo moso (Kwowasi ak Bèljik) epi lidè eliminatwa zòn Concacaf la. 

- Advertisement -
Ad image

Pou seleksyonè Mawòk la, Walid Regragui, se moman pou mantalite yo chanje. Antrenè Mawoken an fè konnen yo ta dwe kòmanse panse ak tit Mondyal la. Antouka, fòk yo ta bat Espay nan uityèm final pou yo kòmanse pi klè sou rèv sa. 

 

Stay connected with NetAlKole

Partager cet article
Rédacteur
Suivre
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.