Kèk lidè politik mande sanksyon kont Repiblik Dominikèn 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
kèk lidè politik mande sanksyon kont repiblik dominikèn 

Lidè Platfòm Politik Chimen Delivrans Ayiti fè konnen yo enkyete anpil pou tretman inimen otorite dominiken yo ap bay migran ayisyen yo nan Repiblik Dominikèn. Se sak fè estrikti politik sa a mande solidarite entènasyonal la yon fason pou yo pran sanksyon kont administrasyon Luis Abinader a.

Nan sans sa a, Platfòm politik la kritike avèk fòs inaksyon otorite ayisyen yo devan lachas sòsyè konpatriyòt Ayisyen yo sou tè dominiken an depi kèk tan. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Lidè politik sa yo fè konnen yo remake neglijans gouvènman Ariel Henry a nan kesyon  jere pwoblèm migrasyon sa a. Se sak fè Chimen Delivrans Ayiti di y ap chèche sipò entènasyonal la pou l ka fòse administrasyon Luis Abinader a retounen sou desizyon sa a. 

Mete sou sa, Lidè gwoup politik la mande sanksyon kont Repiblik Dominikèn pou vyolasyon sistematik dwa sitwayen ayisyen yo ki nan yon sitiyasyon iregilye nan Sendomeng. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.