Yon repriz fonksyonman nòmal pou bank yo apati lendi

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon repriz fonksyonman nòmal pou bank yo apati lendi
Bank yo pral kapab reprann fonksyonman nòmal yo nan tout sikisal ki sou teritwa nasyonal la a apati lendi 21 novanm k ap vini la, daprè Asosyasyon pwofesyonèl bank yo (APB).
Nan yon avi ki pibliye jounen jedi 17 novanm lan, Asosyasyon pwofesyonèl bank yo anonse piblik la an jeneral la, kliyantèl bank yo an patikilye pou fè yo konnen apati lendi k ap vini an enstitisyon finansye yo ap reprann orè regilye yo.
Nan nòt sa ki gen yon kopi ki rive nan redaksyon Netalkole Média a, APB fè konnen apati 21 novanm pòt sikisal bank yo pral kapab ouvè ak kliyantèl la sòti lendi pou rive samdi nan lè yo konn abitye fonksyone yo.
Asosyasyon pwofesyonèl bank yo pwofite de avi sa pou remèsye kliyantèl bank yo pou pasyans ak konpreyansyon yo.
Aprè plis pase yon mwa ap fonksyone sou ralanti akoz pwoblèm ratman gaz an patikilye, sikisal bank yo anonse repriz fonksyonman bank yo nan orè regilye yo ki se lendi pou rive samdi.
Yon desizyon ki san dout pral kapab diminye nan kantite moun ki te konn kanpe devan sikisal bank yo pandan fonksyonman twa jou pa semèn ki t ap aplike pandan mwa oktòb ki sot pase a.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.