Yon timoun twa lane mouri nan nofraj yon bato ranpli migran ayisyen

Jacky Chery
Par Jacky Chery  - Rédacteur
yon timoun twa lane mouri nan nofraj yon bato ranpli migran ayisyen
Nouvèl yo pa twò bon pou Ayiti pandan peryòd fen ane an. Nan kad yon vwayaj ilegal sou lanmè ki sòti Ayiti, yon timoun twazan pèdi lavi l ayè 23 desanm 2022 an nan nofraj yon bato ki t ap rive nan lanmè Pòtoriko an.
Daprè Jeffrey Quiñones ki se pòt pawòl ladwann ak pwoteksyon fwontyè yo nan San Juan, bato sa ki koule nan lanmè Pòtoriko an jounen vandredi 23 desanm lan te gen ladan l 25 gason, 8 fanm ak yon timoun twazan ki malerezman pèdi lavi l.
Daprè otorite pòtorikèn yo, bato sa ki sòti Ayiti chavire tou prè plaj yo ki nan vil Rincón kote tout pasaje yo te tonbe nan dlo. Jeffrey Quiñones rapouswiv pou fè konnen ajan inite maritim yo ki te remake rive bato sa te fè nesesè pou pote moun sa yo sekou nan dlo an.
Malgre efò ajan Gad kot yo ki te plonje nan dlo a pou al pran timoun sa epi transpòte l an ijans nan yon lopital ki nan vil Mayagüez, pèdi lavi l malerezman nan nofraj bato sa ki te gen egalman yon dominiken ak yon irakyen.
Pòt pawòl la pwofite pou raple ak migran ayisyen yo ki pa sispann pran wout lanmè pou kite Ayiti risk ki genyen nan vwayaj sa yo ak danje ki genyen nan travèse prensipalman koulwa Mona a.

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.