Yon tranblemanntè mayitid 4.8 sekwe New York ak anviwon l yo

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
xr:d:dafuf5dgilk:4897,j:1522640604548034822,t:24040516

Nan jounen 5 Avril la, kot nòdès peyi Etazini sekwe ak yon tranblemanntè mayitid 4.8 selon sa plizyè medya nan peyi a rapòte. Pa gen okenn danje ki anrejistre selon sa yo rapòte.

Dènye jou sa yo, bagay yo pa fin twò klè nan New York. Sa gen kèk jou, yon kout zeklè sispèk te pase sou tèt selèb moniman ki rele Estati Libète a. Jounen 5 Avril la, a 10zè 20 nan maten, vil la anrejistre yon tranblemanntè ki gen yon mayitid 4.8.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ta sanble pa gen domaj inisyal ki siyale aprè sekous ki te genyen yo, si n kwè sa sèvis ponpye nan New York deklare. Nan zòn metwopolitèn vil la ki chaje ak abitan, moun yo fè konnen yo te santi sekous yo kot ès la, selon sa US Geological Survey rapòte.

Daily Mail revele katastwòf natirèl sa pwodwi tou a 7 kilomèt de New Jersey, yon eta ki gen fontyè ak New York, sou lòtbò flèv Hudson nan yo pataje. Selon menm sous la, Philadelphie resevwa menm sekous yo tou. Kakofoni ki abitye genyen nan sikilasyon nan Manhattan te anplifye nan moman tranblemanntè a.

“Ekip mwen an ap evalye enpak ak domaj ki ka genyen yo. N ap enfòme piblik la tout pandan jounen an.” Se sa gouvènè eta New York la, Kathy Hochul deklare sou X.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.