Yon ventèn moun pèdi lavi yo nan Source Matelas 

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon ventèn moun pèdi lavi yo nan source matelas 

Machin ensekirite a kontinye ap fè viktim nan kat kwen peyi a. Anviwon yon ventèn moun pèdi lavi yo nan sware 29 novanm lan, nan Source Matelas, aprè yon atak nèg ak zam. 

Daprè enfòmasyon kèk moun nan zòn lan, anviwon 20 moun mouri aprè nèg ak zam ki sòti nan gwoup gang Kanaran ta anvayi espas la kote yo touye epi mete dife nan plizyè kay ki nan lokalite sa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon lòt masak ankò nan reyon metwopolitèn lan. Gwoup ame nan Kanaran ki gen nan tèt li Jeff, non yo plis konnen l, mete dlo nan je plizyè fanmi nan lokalite Source Matelas ki twouve l tou pre Kabarè. 

Depi plizyè mwa, rantre nò a anvayi ak nèg ak zam k ap tante tabli katye jeneral yo nan divès lokalite ki nan rejyon an, prensipalman nan zòn Lafito kote pandan yon moman te okipe ak bandi ki sòti Vilaj de Dye. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.