Yon viktwa istorik pou Mawòk fas Brezil nan yon match zanmitay

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon viktwa istorik pou mawòk fas brezil nan yon match zanmitay

Seleksyon mawokèn lan ki apèn sot ekri listwa nan dènye Koupdimond lan, kote yo vini premye ekip afrikèn ki jwe yon demifinal konpetisyon sa, kontinye sou menm lanse an kote yo fè yon viktwa istorik ayè samdi an (2-1) kont Brezil.

Lyon Atlas yo ki t ap resevwa Seleçao a nan yon match zanmitay pandan fenèt FIFA sa, genyen seleksyon brezilyèn lan (2-1), sou de gòl Sofiane Boufal ak Abdelhamid Sabiri ta pral make, malgre mitan tèren Brezilyen an, Casemiro, ta pral egalize (1-1) sou yon erè gadyen Mawòk la, Yassine Bounou.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yon viktwa istorik pou seleksyon mawokèn lan ki genyen pou premye fwa ekip brezilyèn lan, nan yon anbyans fou kote plizyè milye mawoken te fè deplasman an nan vil Tanger pou vin sipòte ekip yo an ki te fini katriyèm nan mondyal peyi Kata a.

« Mw nan yon rèv Brezil se premye ekip nan klasman FIFA a, yon peyi foutbòl, epi nou nan peryòd ramadan ! », yon pati nan deklarasyon antrenè Mawòk la, Walid Regragui, nan konferans pou Laprès aprè match.

Se pou premye fwa Mawòk genyen seleksyon brezilyèn lan nan tout istwa l aprè de defèt nan lane 1997 (2-0) epi yon lane aprè (3-0) nan premye tou Koupdimond 1998 la ki te dewoule nan peyi Lafrans ki ta pral ranpòte edisyon sa avèk yon viktwa (3-0) sou Brezil nan final.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.