Categories: AN KREYÒL

Youri Latortue anonse li pral tradui Edmonde Supplice Beauzile lajistis

Share

Ansyen senatè Youri Latortue anonse jounen jedi 15 septanm 2022 an li pral sezi lajistis aprè deklarasyon Edmonde Supplice Beauzile yo ki fè ansyen senatè Latibonit lan ta enplike nan dechoukay ki fèt lakay li an ayè jedi an. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon mesaj sou Twitter, lidè Ayiti an aksyon an fè konnen li oblije pran chimen lajistis akoz deklarasyon madam Edmonde Supplice Beauzile yo se ta manti k ap fèt sou li.  

« Liberté d’expression pa vle di difamasyon-Sa rive nou ka deside pa okipe kèk fo deklarasyon; men gen yon nivo akizasyon tèlman grav nou paka pa denonse l piblikman-Mme Beauzile bay manti sou mwen nan yon dimansyon kote m oblije sezi lajistis», ekri ansyen senatè Youri Latortue. 

Kèk tan aprè ensidan sa ki rive nan rezidans madam Beauzile la, lidè FUSION an te akize piblikman jedi 15 septanm lan ansyen senatè Youri Latortue ak kèk ansyen manb SDP ki ta voye al piye epi mete dife nan kay li an. 

«M Fe tout vim ap travail, m pa janm rabtre Nan bagay louch, ankenn krim  San ni ekonomik. Map Di Youri, Nenel Anel m pa gen kob menm Jan AK Nou. M fè yon Kay Nan 20 an jodía Nou voye Moun Lakay Mwen pou krazel lavi m la vi fanmim sou kont Nou   O secours», sa nou kapab li sou kont ansyen senatè Beauzile. 

Nan yon premye tan, ansyen senatè Latibonit lan te tante fè konprann li pa gen anyen pou wè ak sa ki rive nan rezidans responsab FUSION an. Daprè Youri Latortue, se ta yon zak mechanste ki manifeste bò kote lidè politik la ki akize l san rezon. 

«M toujou byen Viv avè w Edmonde-Ou fè yon chwa politik(11 septanm)e nou chak swiv wout nou-Jodia ou viktim yon zak malonèt,men sa pa baw dwa akize m “fosman” aloske m pa gen anyen pou wè ak dram ou a-Donk kisa ki esplike nivo mechanste n ap deplwaye pou eseye endekse m san rezon?», eksplike Youri Latortue. 

Lidè Ayiti an aksyon an ansanm ak ansyen senatè Edmonde Supplice Beauzile se de nan lidè politik ki te fè pati regwoupman Sektè demokratik ak popilè a ki te youn nan pu gwo mòso nan opozisyon ki t ap batay pou ranvèse ansyen prezidan Jovenel Moïse sou pouvwa a. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by