Lidè pati Ayiti an aksyon an Youri Latortue, nan yon somasyon ki pote dat jedi 22 septanm 2022 a, mande ak Edmonde Supplice Beauzile pou l retounen sou dènye deklarasyon li te fè yo kòmkwa ansyen senatè Latibonit la ta pami moun ki te voye dechouke rezidans li an.
Kabinè avoka ki reprezante ansyen senatè Youri Latortue a bay yon dèle twa jou fran ak prezidant pati Fizyon an, Edmonde S. Beauzile pou fè bak sou akizasyon li te fè yo jounen jedi 15 septanm 2022 an nan kèk medya tradisyonèl ak sou rezo sosyal yo.
Nan somasyon sa, avoka ansyen senatè a fè egzijans ak lidè pati Fizyon an pou pran yon ak piblik oubyen itilize menm mwayen kominikasyon li te itilize pou fè deklarasyon sa yo ki, daprè kabinè an, pa gen okenn fondman.
Daprè motif somasyon an, deklarasyon Edmonde Supplice Beauzile yo koze prejidis ak diyite, onè, imaj ak repitasyon ansyen senatè Latibonit lan, Youri Latortue, avèk de kalifikatif ki pa gen anyen pou wè avèk konpòtman siwtayen onèt lidè AAA, sitou nan zafè politik.
Kabinè avoka ansyen senatè a menase pou ale pi lwen ak dosye sa si nan dèle twa jou fran sa Edmonde Supplice Beauzile pa ta reponn ak egzijans somasyon sa ki rive jwenn li jounen jedi 22 septanm 2022 a.