Mizik ayisyèn nan pran Yon gwo kou, nan lannwit 7 pou rive 8 septanm, Yvenel Étienne tout moun konnen sou nom Sore, rann dènye souf li.
Sore, te gen chans pase nan 2 li gwo òkès peyi a genyen, Septentrionale ak Tropicana.Nan yon piblikasyon òkès Septentrionale fè sou facebook, yo anonse yo kanpe tout aktivite yo aprè yo fin aprann lanmò Yvenel Etienne nan.
N ap souliye pou ou, jiskaprezan poko gen okenn enfòmasyon ki soti sou rezon ki ta lakoz lanmò chantè sila men n ap fè nou konnen Sore te malad e li te Kouche sou kabann lopital.