10 son Ayisyen itilize plis sou TikTok dènye tan sa yo   

Angy Desravines
ParAngy Desravines
10 son ayisyen itilize plis sou tiktok dènye tan sa yo

Anpil nasyon itilize aplikasyon TikTok ki sou pye depi septanm 2016. Pa bò isit, lakay nou an Ayiti, kèk nan nou itilize l anpil pandan dènye tan sa yo. Prèske chak jou gen yon challenge diferan, men nou menm nan NAK (Netalkole Media) nou chwazi prezante ou TOP 10 (challenge ak mizik) ayisyen fè plis TikTok sou yo :   

1-Cough ( Kizz Daniel)   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Cough, se youn nan mizik ayisyen fè TikTok sou li anpil, Oluwatobiloba Daniel Anidugbe, anpil moun konnen sou non atis Kizz Daniel se chantè konpozite afro-beats Nigerian ki fè mizik sila.  

2- A chak Fwa ( Charlin Bateau)   

Sèlman 2 mwa depi atis ayisyen an Charlin Bateau soti nouvo mizik li ki rele “ A chak Fwa” , anpil fanatik anvayi TikTok nan fè challenge sou mizik sila.  

  

3- C’est une opportunité/ it’s an opportunity ( Teacher Kendy)   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kendy Auguste se non yon jèn ki ap evolye Okap Ayisyen ki li menm deside aprann moun anglè sou TikTok pandan l ap chante ak danse , li gen plizyè fraz menm nan klèb yo fè mix avèk yo, pami yo “c’est une opportunité / it’s an opportunity.  

4- Joe Biden ( Tony Mix feat Ti Babas)   

- Advertisement -
Ad imageAd image

Kèk jou depi Prezidan Ameriken an, Joe Biden lanse yon pwogram imanitè kote y ap resevwa ayisyen nan peyi Lèzetazini, Tony Mix, youn nan DJ ayisyen ki pi popilè an Ayiti pwofite opòtinite sila pou fè moun danse ak tit Joe Biden lan, se youn nan challenge ki ap kraze TikTok nan moman an.  

https://youtu.be/MS1qJF1hH1k

  

5- Lanmou inosan (Clifford Dumé)   

Lanmou inosan se mizik Clifford Dumé, yon jèn atis ki rive atenn anpil fanatik jiskake li rive pete plafon nan koze videyo sou TikTok yo.

6 – Ou son pansman (Song)  

Yon mizik ki poko soti konplè men anpil moun pa ezite fè allenge sou son jèn  atis sila.  

https://youtu.be/FplNSRNMk3k

  

7- Ta ta ta ( Bayanni)   

Bayanni ki se yon atis Nigerian dayè ki ta dwe rantre an Ayiti nan mwa fevriye a ap fè anpil ayisyen danse sou Titkok avèk mizik “Ta Ta Ta”. Vrè non atis la se Oladokun Abimbola Elijah.  

8-Sispann kriye ( Jeejee)   

Marie Roselande Rozilmé plis moun konnen sou non Atis li Jeejee soti yon nouvo mizik ki rele “Sispann Kriye” ki gentan gen anpil videyo challenge ak li sou TikTok.  

9- Djoulie ( M anvi Diaspora)   

Aktris Feyton Youtube, Djoulie ki deside rantre nan mizik depi kèk tan soti yon nouvo mizik kote li ap chante li anvi diaspora, anpil moun ap fè challenge TitkTok sou li.  

https://youtu.be/gTu_469LhfA

10-Rush (Ayra Star)   

Oyinkansola Sarah Aderibigbe, ki gen non atis li Ayra Star ki chante mizik Rush la, se youn nan tit anpil ayisyen danse tou epi fè challenge ak li sou TikTok.  

N ap raple se antrepriz teknoloji ByteDance ki kreye aplikasyon TikTok la ki gen pou sèl objektif pataje videyo ak kreye rezotaj menm si chak moun chwazi itilize l diferan sa depann de sa yo vize ak atenn sou li.   

REDAKSYON : Angy DESRAVINES

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article