Novak Djokovic kalifye pou demi final 

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
novak djokovic kalifye pou demi final 

Pou kadefinal Open Australie a, Novak Djokovic malmennen Andrey Rublev nan 3 sets (6-1, 6-2, 6-4). Yon rankont ki te fasil pou Sèb la ki kalifye pou demi-final Grand Chelem lan. Depi 2008, Djokovic rive toujou nan dènyè kare.  

Jodi mèkredi a, Djokovic pase Rublev nan moul li a nan 3 manch (6-1, 6-2, 6-4), aprè l te finn pase woulo konpresè li a sou Alex de Minaur. Nan Rod Laver Arena, Nole montre li se pi gran favori pou Grand Chelem sa nan Melbourne, sa fè 10zyèm fwa li rive nan dènyè kare a.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Chak fwa Djokovic rive nan dènyè kare a, li toujou rive pran tit Norman Brookers a, yon kalifikasyon ki fè konkiran li yo pè nan Open Australie a.  Se pa selman estatistik yo ki pale pou Djokovic, men pèfòmans li yo mete advèsè li yo nan gwo difilikte.  

Aprè rankont lan, jwè ki gen 21 Grand Chelem nan fè konnen :  

« Aprè plizyè match konsa, konfyans lan ap ogmante, san n pa bliye sikonstans yo (blese). M santi m byen, match aprè match. Se pa premye fwa m nan yon sityasyon konsa, m viv li plizyè fwa nan karyè mwen. M poko janm pèdi youn nan demi final ak final nan Open Australie a. Espere sa ap fèt ankò fwa sa ».  

Djokovic ap gen pou l afwonte Tommy Paul nan demi final, vandredi kap vini. Epi lòt demi final la ap mete bab pou bab Stefanos Titstsipas ak Karen Khachanov.  

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive