12 moun mouri nan yon bouskilad nan peyi Salvadò

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
12 moun mouri nan yon bouskilad nan peyi salvadò

Gwo dram nan peyi Salvadò samdi 20 me pase a. Omwen 12 moun mouri nan okazyon yon match foutbòl premye divizyon nan kapital peyi a, San Salvador. Tout viktim yo se fàn ki t ap goumen pou antre anndan estad kote match la t ap jwe a.

Ekip ki t ap jwe yo se Alianza ak CD FAS, nan estad Cuscatlan lan. Samdi swa se te match retou kadefinal premye divizyon nan estad sila, sa te lakòz genyen gwo bouskilad pou sipòtè yo te ka antre anndan, se nan moman sila a goumen pete epi dram lan rive.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Prèske 500 moun te resevwa swen anndan estad Cuscatlan lan, e genyen yon santèn yo te oblije kouri lopital ak yo nan yon eta grav.

“Mwen vle adrese pi sensè kondoleyans mwen yo ak fanmi, zanmi viktim ki pèdi lavi yo nan ensidan trajik sila nan Salvadò”, se deklarasyon prezidan FIFA a, Gianni Infantino, nan yon diskou l pwononse ayè dimanch lan devan OMS, nan Jenèv.

Prezidan Salvadò a, Nayib Bukele, pa bò kote pa l anonse sou kont twitè li “ouvèti yon ankèt sou sa ki pase a, e sa ki pase nan estad la p ap rete san pinisyon”.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.