2 bandi tonbe anba bal Lapolis ayè dimanch la

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
2 bandi tonbe anba bal lapolis ayè dimanch la

Ekip Kominikasyon Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) a nan yon nòt pibliye jodi lendi 22 me a, fè konnen 2 swadizan bandi bwè dlo dan yo ayè dimanch lan nan kad yon operasyon lapolis nan komin Petyonvil la.

« Gen 2 bandi ki tonbe ak yon fizi M-4 lapolis sezi nan kad yon operasyon ki dewoule dimanch 21 me a nan zòn Fò-Jak, Malik, Dieg, Meyòt ak Madyowo », ekri entitisyon lapolis la nan nòt li an, tout pandan ki fè konnen gen patwouy lapolis ki siyonnen zon Fò-Jak pou rive jis Gwojan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

N ap souliye, se komisarya Petyonvil ak komisarya Kenskòf ki mete ansanm pou mennen seri operasyon sa yo k ap rapouswiv pou kontinye deniche bandi nan zòn sa yo k ap simaye latwoublay.

Mete sou sa, n ap raple, sa gen plizyè lane depi peyi a ap fè fas ak koze gang k ap simaye laterè nan anpil zòn nan peyi a, ladan yo Petyonvil depi kèk tan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.