13 zan apre katastwòf 12 janvye 2010 la, Ariel Henry mande inite ak rekonsilyasyon 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
13 zan apre katastwòf 12 janvye 2010 la, ariel henry mande inite ak rekonsilyasyon 

Tout Ayisyen sonje madi 12 janvye 2010 sa a, kote nan kèk segond Kapital peyi a te kraze, kote plis pase 300 000 moun te pèdi lavi yo anba fè ak siman. Nan okazyon komemorasyon evènman tris sa a, Doktè Ariel Henry kwè inite ak rekonsilyasyon, konstitye bèl fason pou rann omaj ak viktim katastwòf sa a. 

Nan yon mesaj Chèf egzekitif la pibliye sou rezo sosyal Twitter maten an, li fè konnen 13 lane apre katastwòf 12 janvye 2010 la, pèp ayisyen an toujou sonje plizyè milye moun ki te mouri, ki te blese, ak yon pakèt domaj materyèl. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Inite, rekonsilyasyon, rekonstriksyon ak rekiperasyon sosyo ekonomik nasyon an konstitye omaj ki pi bèl ak pi vibran nou ka peye viktim nou yo », te ekri newochirijyen an, tout pandan li kontinye pou l di  » se pou tranblemanntè devastatè 12 janvye sa a enspire nou epi montre nou yon lòt fwa ankò chimen solidarite, fratènite ak chanjman reyèl pou benefis patri nou an”, 

N ap raple Pòtoprens toujou pote tras tranblemanntè 7.0 degre sou echèl Richter a. Tranblemanntè  ki te pi devaste Ayiti, e ki te lakòz plis pase 350.000 moun moun mouri, blese ak 1.5 milyon moun san kay, dapre chif Gouvènman an Ayisyen an te bay. 

Tranblemanntè sa a te frape ak raj , Palè Prezidansyèl la, Palman an, Katedral la, dè santèn de milye kay ak  plizyè batiman gouvènman, sant komèsyal, lekòl, enstitisyon sante, ak plis ankò te tonbe tankou domino.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.