Claire Constant : « Jwe pou Ayiti se yon benediksyon » 

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
claire constant « jwe pou ayiti se yon benediksyon » 

Claire Constant, defansè santral ekip feminen Ayiti a te dekouvri seleksyon an ane ki sot pase a, kèk jou avan tounwa Concacaf la. Nan yon entèvyou li bay enstans foutbòl rejyon an, li eksprime rekonesans ak fyète li genyen lè l ap defann koulè peyi l. 

Claire Constant se te veritab revelasyon pou selesksyon ayisyèn feminin an ane pase a. li te montre l solid nan defans lan e li te briye nan dènye tounwa foutbòl Concacaf la te òganize ak seleksyon feminin yo ki te tou sèvi kalifikasyon pou Mondyal 2023 a. Menm si Ayiti pa t rive kalifye dirèk pou konpetisyon, Claire se youn nan jwèz ki rete nan memwa moun yo pou prestasyon l te bay yo. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

« Mwen te konnen nan yon kwen nan tèt mwen Ayiti se yon posiblite depi nan premye kan jèn mwen nan peyi Etazini e lè m t ap wè jèn ki gen doub nasyonalite, m potko gen pa m nan lè sa. Nan mwa Avril, gen yon manb federasyon ayisyèn nan ki apwoche e li di m ‘Nou konnen papa w se ayisyen, nou ta renmen w jwe pou nou’ » konsa Constant ap esplike. 

Lè yo te gade tout règ yo, yo te wè Claire elijib pou l jwe pou Ayiti. Pwosè a te kòmanse an Avril e li te gentan bon pou l met mayo seleksyon nan ete a. « M te fyè lè m t ap jwe anfas Etazini an, menm nou te pèdi 3-0 » konsa Claire t ap eksprime l. « Lè m tande im nasyinal ayisyen an, m konnen m ap jwe pou yon bagay ki pi gran pase m. M konnen m ap jwe pou yon peyi ki nan difikilte. M te grandi beni e jwenn opòtinite jwe pou Ayiti fè m santi anpil gratitid » se sa defansè a fè konnen. 

Pou 2023 a, Claire Constant ap gen chans pote mayo ekip nasyonal la ankò. Ayiti angaje nan baraj Mondyal feminen an kote l ap kwaze ak Senegal 18 fevriye k ap vini la a. « Kalifye pou Mondyal la t ap pote lespwa. Gen anpil nan jwèz yo ki grandi an Ayiti e ki soti vrèman lwen. Gen anpil moun k ap swiv nou e k ap sipòte n. Sa t ap vle di anpil bagay pou peyi a ak foutbòl feminen an si n ta kalifye » konsa Claire te konkli. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.