2 anplwaye SOGEBANK arete pou swadizan patisipasyon yo nan vòlè lajan nan men kliyan yo

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
2 anplwaye sogebank arete pou swadizan patisipasyon yo nan vòlè lajan nan men kliyan yo

Lapolis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan yon nòt pibliye ayè vandredi 5 mai 2023 a, fè konnen Ajan Direksyon Santral Lapolis Jidisyè a (DCPJ) te arete 2 anplwaye Sosyete Jeneral Bank yo (SOGEBANK), nan dat ki te jedi 4 me 2023 a, pou enplikasyon yo nan vòlè lajan nan men kliyan.

2 Konsène sa yo se: Catherine Barochin ak Daphkar Saint-Paul. Yo okipe respektivman pozisyon Direktè Operasyon ak Sipèvizè Lajan Kach nan enstitisyon bankè sa a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Yo akize 2 anplwaye sa yo nan SOGEBANK pou detounman lajan ki estime a 132 mil dola ameriken. Vòl, konplisite nan vòl, asosyasyon kriminèl ak detounman fon se kèk nan akizasyon yo pote kont 2 akize sa yo.

N ap note, anplwaye sa yo te arive pran kòd, apre yon ankèt DCPJ te louvri apre plent kliyan ki viktim anba men yo te depoze kont yo, te presize enstitisyon Polisyè Ayisyèn nan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.