CONATEL fèmen 5 estasyon radyo nan vil Okap

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
conatel fèmen 5 estasyon radyo nan vil okap

Konsèy nasyonal telekominikasyon (Conatel) fèmen senk estasyon radyo nan vil Okap akoz yon pwoblèm entèferans yo ta pwovoke nan sistèm kominikasyon ayewonotik peyi a, prensipalman nan depatman Nò an.

Aprè plizyè plent Ofis nasyonal avyasyon sivil (OFNAC) te depoze sou yon pwoblèm entèferans nan sistèm kominikasyon yo an, Direksyon jeneral CONATEL la fèmen senk estasyon radyo sa yo ki ta responsab sitiyasyon sila.

- Advertisement -
Ad imageAd image

92.5 MHz, 101.9 MHz, 103.3 MHz, 104.3 MHz, 107.9 MHz, se senk frekans sa yo CONATEL sanksyone akoz entèferans yo ta genyen sou frekans ayeryen yo daprè rapò teknisyen ki te deplase yo fè konnen.

Konsèy nasyonal telekominikasyon fèmen 4 nan 5 estasyon radyo sa yo jiskaske responsab yo fè koreksyon nesesè yo pou rezoud pwoblèm sa. Poutan frekans 107.9 MHz la, Conatel fèmen l nèt akoz li pa t gen okenn otorizasyon pou l fonksyone.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.