All Star Game nan, match tradisyonèl nan NBA a ki reyini pi gwo vedèt lig la ap fèt 19 Fevriye ane sa a. Yo devwale ki jwè k ap kòmanse nan chak ekip yo, swa nan Team LeBron, swa nan Team Giannis.
Depi n rive nan mitan mwa Fevriye, NBA toujou òganize All Star Game li. Ane sa, match sa ap mete bab pou bab, Team LeBron pou konferans Wès la ak Team Giannis pou konferans Ès la. Se konsa li ye depi kèk lane.
Nan ekip Wès la, n ap jwenn LeBron an bon kapitèn. Se pral 19è patisipasyon l nan evennman an, sa ki fè l egale rekò a. Avèk li n ap jwenn Stephen Curry (9x), Luka Doncic (4x), Nikola Jokic (5x) ak Zion Williamson (2x).
Ekip konferans Ès la, se Giannis Antetokounmpo k ap mennen li. Se pral 7è patisipasyon jwè Bucks yo nan evennman an. L ap gen avè l Kevin Durant (13x), Kyrie Irving (8x), Jayson Tatum (4x) ak Donovan Mitchell (4x).
Nou pare pou n al asiste yon bèl match baskèt avèk anpil espektak dimanch k ap 19 Fevriye a. Se nan vil Utah rankont sa ap fèt.
Facebook Comments