25 mas, Gaby Show bay fanatik li yo randevou nan Karibe Hotel pou fete ak li

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
25 mas, gaby show bay fanatik li yo randevou nan karibe hotel pou fete ak li

Marie Gabrielle Dorsonne, prezantatris vedèt emisyon Gaby Show la, envite fanatik li yo an Ayiti vin fete ak li 25 mas 2023 k ap vini la a, nan kad selebrasyon anivèsè li ane sa a. Nan yon kout entèvyou ekip redaksyon an te genyen ak lidè emisyon an, anpil preparasyon deja fèt pou akeyi fanatik Gaby Show yo nan otèl Karibe a.

Emisyon an ki toujou pase an dirèk nan plizyè vil nan peyi Etazini, ak kanada tankou ;  » New Jersey, Miami, Montréal, New York  » elatriye. Ap gen chans pase ak menm distraksyon yo fwa sa a andedan otèl Karibe ki sou Jivena a nan komin Petyonvil. Prezantatris la ki konsyan se Ayiti ki kreye pèsonaj l ap vann sou rezo sosyal yo ak televisyon yo atravè emisyon l lan, fè konnen se ap yon bèl eksperyans pou li nan karyè li kòm jounalis paske li pran plezi lakay li.

Poze l kesyon sou defi sititasyon aktyèl peyi a ap fè fas jounen jodi a kapab lakòz sou inisyativ sa a, patriyòt la te reponn  » Mwen pa inyore sitiyasyon peyi m, fòk nou konsyan chak grenn Ayisyen bezwen kèk minit lwazi nan mitan chalè ensekirite a tou, paske nou tout pap ka pati, nou tout paka kite peyi a, fòk ti rès sa ki deside rete a oubyen ki paka pati yo detann yo ».

Plizyè bèl atis tankou ; Izolan, Jeff Oka, Dj Valmix, Dj Kenay, Dj BMix ak konkonbwèt li Afriken, Boukman Eksperyans, ak anpil lòt ankò deja konfime prezans yo pou selebre lavi ak Marie Gabrielle Dorsonne, k ap fete yon lòt fwa ankò nesans anivèsè li nan otèl Karibe 25 mas 2023. Pandan Show a, gen yon tiraj k ap fèt espesyalman pou tout moun ki te achte tikè yo nan pri 25 dola ameriken yo, gàyan an ap jwenn chans soti ak yon prim 500 dola ameriken kòm kado.

Pi lwen, Gaby fè konnen 100, premye moun ki rantre nan espas la anvan yo ap gen chans yo menm tou jwenn kado kòm souvni Gaby Show, aktivite a ap kòmanse a 3è nan aprè midi, kat yo disponib nan lokal, Karibe Hotel la ak « Pointe du doigt » Dèlma 75 oubyen Radio Télé Éclaire, toujou ak menm pri a 25 dola meriken, ou kapab kontakte yo nan +509 48 15 8609/ +509 38 61 7936 pou plis detay.

Facebook Comments

Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.