Melchie Dumornay nomine pou pri meyè jwez Concacaf ane 2022 an

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
melchie dumornay nomine pou pri meyè jwez concacaf ane 2022 an

Mitan tèren ayisyèn lan, Melchie Daëlle Dumornay, ki te desizif nan kalifikasyon seleksyon nasyonal la pou pwochen mondyal fanm Ostrali-Nouvèl Zelann lan, nomine pou pri meyè jwez Concacaf ane 2022 an.

Corventina ki pa sispann fè pale de li nan mond foutbòl lan, pami divès jwez Concacaf seleksyone yo pou rekonpanse kòm meyè jwez pou ane 2022 an bò kote amerikèn lan, Alex Morgan, epi atakan jamayikèn Manchester City an Khadija Shaw.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Concacaf ki se prensipal enstans k ap dirije foutbòl la nan rejyon Nò-ameriken an, Amerik santral epi Karayib la, rann piblik jodi vandredi an 6 nomine yo pou pri meyè jwez ane 2022 an kote rekonpans lan prevwa bay 13 avril k ap vini la.

Jèn talan ayisyèn 19 lane an k ap jwe sou koulè Stade de Reims nan D1 Arkema a, akote bèl pèfòmans l ap livre nan chanpyona fransè an, te egalman desizif avèk Grenadye yo kote l enskri 5 gòl sou 7 match li te jwe pou 2022 an.

Seleksyon nasyonal ayisyèn lan ki pral jwe pou premye fwa yon Koupdimond fanm, reyalize eksplwa sa an pati gras ak Corventina ki te enskri yon double fas Chili nan final baraj entèkontinantal yo ki t ap òganize nan peyi Ostrali.

N ap mansyone, pri sa pral bay sou baz 100 vòt ki gen ladan l antrenè ak kapitèn 41 asosyasyon manm Concacaf yo epi responsab yon pati ki rezève ak reprezantan Laprès nan rejyon an epi piblik lan ki gen dwa vote pou rekonpanse meyè jwè ak jwez ane 2022 an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.