25 milyon mesaj pa segonn, se kantite mesaj ki pataje sou whatsapp pandan final koupdimonn lan bbbbl

Sam Sarah Devilus
ParSam Sarah Devilus- Rédactrice
25 milyon mesaj pa segonn, se kantite mesaj ki pataje sou whatsapp pandan final koupdimonn lan 

Anpil rekò te kraze oubyen mete, jou ki te Dimanch 17 desanm nan, nan okazyon final koup di monn 2022 a ki te jwe nan peyi Kata, ki te opoze Ajantin ak Lafrans. Pami rekò yo, mesajri Whatsap anrejistre 25 milyon mesaj ki te pataje chak segonn pandan jounen sa. 

Anpil moun ap di se pi bèl final koupdimonn yo janm gade nan lavi yo, akoz tout emosyon ak rebondisman ki te genyen ladan l. Ekip Ajantin nan ak ekip Fransè a te livre yon bèl batay ki ta pral fini avek viktwa ti mesye Scaloni yo. Final sa make lespri men li make rezo sosyal yo tou. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si aprè final sa, Kapitèn ekip Ajanten an te poste yon foto sou Instagram ki fè plis pase 60 milyon likes, Whatsapp li menm anrejistre yon total 25 milyon mesaj ki voye chak segond, jou dimanch 17 desanm sa, pandan match la. Se Mark Zuckerberg, patwon gwoup Meta kote Whatsapp ap layite kò l, ki fè anons lan sou Facebook. 

« Foto koup di monn Messi poste a bat rekò foto ki gen plis like nan tout istwa Instagram. Whatsapp bat yon rekò 25 milyon mesaj pa segonn pandan final la », se piblikasyon sa responsab la fè.  

Pandan match sa ki te pote tout kalte emosyon sòti nan Ajantin k ap mennen 2-0, pase pran Lafrans ki egalize, match la ki relanse epi ateri nan 4 mitan epi seyans penal, Mbappe ki fè triple nan final sa, Messi ki bat kèk rekò tankou jwè ki jwe plis match nan zafè mondyal, jwè ki fè plis gòl nan yon mondyal, sèl jwè ki bay pas gòl nan chak edisyon li patisipe elatriye, ebyen monn lan t ap pataje pandan chak grenn segonn, 25 milyon mesaj. Yon rekò nan listwa Whatsapp. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Sam Sarah Devilus
Par Sam Sarah Devilus Rédactrice
Follow:
Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.