Kèk Fanatik Pòtigal fè konnen yo pa vle Mourinho ak foutbòl bare li a nan tèt seleksyon an ba yo Zidane  

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
kèk fanatik pòtigal fè konnen yo pa vle mourinho ak foutbòl bare li a nan tèt seleksyon an ba yo zidane  

Depi aprè Pòtigal fin revoke Fernando Santos nan tèt ekip Pòtigal, aprè Mawòk te elimine yo nan mondyal la (1-0) nan kadefinal. Federasyon an ap chache yon antrenè ki pou pran plas Fernando Santos la, yon antrenè tankou Mourinho, se premye opsyon federasyon an, men fanatik yo di yo pa vle l, paske l jwe yon foutbòl bare.   

Anpil pòtigè ta renmen se Mourinho ki pran tèt seleksyon an, men gen anpil lòt ki wè nan aktyèl antrenè ekip AS Roma yon move chwa pou ekip la paske nan foutbòl la anpil moun rekonèt special one nan kòm yon antrenè ki renmen bare e ki anpeche ekip li jwe bèl foutbòl.Anpil nan yo ta swete se Fransè a Zinedine Zidane ki ta pou vin antrene seleksyon pòtigal la.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Pou fanatik ki swete se Zidane ki ta dwe vin antrenè seleksyon pòtigal la, komantè yo montre a  klè se pou jan l konn jere Cristiano Ronaldo ak sa li reyalize ak jwè a nan karyè  li. Zidane nan tèt ekip Pòtigal la fè anpil fanatik reve.   

Men sou dosye sa federasyon pòtigal la pa bay okenn enfòmasyon sou koze Zidane nan e pa gen okenn kontak yo pran tou ak ansyen antrenè Real Madrid la. Federasyon an plis anvizaje pou Mourinho vin antrene seleksyon nasyonal la.  

Federasyon an dwe jwenn yon antrenè byen vit pou komanse prepare Koup Ewop la ki pral fèt nan peyi Almay (2024). 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive