Pierre Jean anonse sòti nouvo pwojè li ak Bijou ki rele » Je ne peux pas » pou 14 avril ki ap vini la.
Apre prèske 3 lane depi yo te sòti ansanm » Kòm sim pa wè » ki te yon gwo siksè avèk plis pase 3 milyon moun ki gadel sou YouTube, de atis yo deside kontinye travay ansanm.
Ansyen patisipan konkou « Digicel Stars » la ki te fè de Bijou yon pèsonaj enpotan nan premye sezon » Les aventures de Pierre Jean » ki se yon seri ki deja genyen 4 videyo ki parèt , sanble ap kontinye vwayaj la ak Bijou .Nan yon tibout videyo ki dire 48 segond, chantè a anonse nouvo mizik li an ki gen pou sòti 14 avril 2023 a 11 zè nan maten epi kap rele » Je ne peux pas « .
Videyo sa bay kèk detay tou piti sou sa kap gen nan nouvo chante sa. Nouvo mizik sa, sof sipriz ta dwe yon swit tout sak te pase ant de atis yo nan premye sezon « Les aventures de Pierre Jean « .
Apre kèk chanjman nan staff li an ,avèk Joslord Elmilus kòm nouvo Manadjè epi plizyè pèfòmans aletranje tankou sal fèk sot fè nan peyi Lafrans nan jou ki sot pase yo la ,Pierre Jean kontinye ap enpozel sou mache a.
Facebook Comments