KORIPSYON – Yon komisyon nan Sena dominiken an mande pou bon jan ankèt louvri sou zafè viza dominiken yo an Ayiti

Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana  - Rédacteur
koripsyon yon komisyon nan sena dominiken an mande pou bon jan ankèt louvri sou zafè viza dominiken yo an ayiti (1)

Komisyon relasyon eksteryè Sena dominiken an rann yon rapò favorab pou kreyasyon yon komisyon espesyal k ap la pou mennen bon jan ankèt sou iregilarite ki genyen nan dosye viza dominiken yo bay Ayisyen yo.

Daprè jounal dominiken Listín Diario, pwopozisyon komisyon espesyal sila sòti pa bò kote senatè pwovens San Cristóbal Franklin Rodríguez, ki jije li nesesè pou yo ankete sou dezòd ki genyen lè Ayisyen yo ap eseye jwenn viza dominiken yo pa bò isit an Ayiti.

Lejislatè pati Fuerza del Pueblo a prezante inisyativ sila nan mitan desanm ane pase, aprè jounal dominiken Listín Diario te bay plizyè alèt sou sa.

Nan entwodiksyon pwopozisyon sila, senatè Rodríguez fè konnen objektif komisyon ki chaje pou ankete sou iregilarite viza dominiken yo rive kreye aprè jounal dominiken an te bay plizyè alèt sou sa aprè yon seri ankèt li te mennen nan fen 2022.

Ankèt la te rapòte malgre konsila yo ak anbasad Repiblik dominikèn ki nan peyi d Ayiti te fèmen depi 15 septanm akòz pwoblèm ensekirite a ak twoub sosyopolitik, viza yo te kontinye ap vann sou teritwa ayisyen an.

Yon lòt kote medya te rapòte sou rezo sosyal yo te genyen plizyè ajans vwayaj ki sou teritwa ki t ap ofri viza dominiken malgre biwo konsila yo te fèmen. Pri viza yo te menm rive omwen 600 dola ameriken.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.