641 moun mouri an Ayiti, akoz aksidan trafik 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
641 moun mouri an ayiti, akoz aksidan trafik 

Òganizasyon Ayisyen Sèvis Teknik ak Operasyon pou Palye Aksidan (STOP-Accidents) nan yon rapò fè konnen pou lane 2022 a te gen anviwon 641 moun ki te mouri an Ayiti akoz aksidan trafik yo ak 4,580 lòt  ki te blese. 

Daprè sa òganizasyon an rapòte, yo te anrejistre omwen 1,155 kolizyon pandan peryòd la. Platfòm nan endike mwa avril la te pi mòtèl pase tout lòt mwa yo, kote yo te anregistre  814 viktim, ki gen ladan 116 lanmò ak 698  moun blese. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Òganizasyon Ayisyen Sèvis Teknik ak Operasyon pou Palye Aksidan (STOP-Accidents) te note nan mwa avril,  yo te rapòte 102 lanmò ak 792 blese nan 117 aksidan ki te fè t sou wout piblik. 

Men sepandan, Òganizasyon an di nan 4 dènye mwa yo te gen yon diminisyon nan ensidan yo. Daprè Platfòm nan diminisyon sa te rive fèt akòz peyi lòk la, kote nan moman te konn gen gwo manifestasyon kont gouvènman Premye minis Ariel Henry a, aprè yo te fin pran desizyon pou monte pri gaz nan ponp yo. 

Yon lòt bò, Òganizasyon an raple aksidan se dezyèm kòz lanmò nan peyi a, apre ensekirite ak vyolans. Se sak fè li ankouraje otorite yo pou yo adopte mezi esansyè l  pou diminye aksidan wout nan peyi a, tout pandan yo mande chofè yo, pou yo gen yon  konpòtman responsab konsa y ap  redwi drastikman aksidan sou wout yo. 

 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.