89 moun gentan pèdi lavi yo nan kolera, OMS fè konnen pa gen ase vaksen 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
89 moun gentan pèdi lavi yo nan kolera, oms fè konnen pa gen ase vaksen 

Ayiti te anrejistre nan prèske yon semèn, yon ogmantasyon rapid nan kantite ka kolera, ak kounye a prèske 3,429 ka sispèk, ak 89 lanmò, dapre chif ki soti nan Ministè Sante  Piblik ak Popilasyon (MSPP)an epi Ajans Mondyal Lasante nan Nasyonzi retransmèt li. 

« Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) rapòte yon total de 3,429 ka sispèk nan 6 depatman nan peyi a, ki gen ladan 399 ka konfime, 2,942 ka sispèk entène lopital ak 89 lanmò anrejistre », te presize OMS, limenmki fè konnen sa a reprezante yon ogmantasyon  de 82% nan ka konfime (N=180) ak 62% nan lanmò (N=34) konpare ak aktyalizasyon 25 oktòb 2022 a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Ladan yo prizon Pòtoprens te idantifye jiskaprezan 271 ka sispèk, 12 ka konfime ak 14 lanmò.  An jeneral, komin Site Solè y ak Pòtoprens reprezante plis pase 70% nan tout ka sispèk yo rapòte nan depatman Lwès la.
Depatman Lwès la kontinye ap vale tèren nan  ogmamtasyon ka yo 

Jouk jounen jodi a, 3 depatman gen ka konfime (Latibonit, Sant ak Lwès).  Nan yon total de 1,058 echantiyon analize nan Laboratwa Nasyonal Sante Piblik (LNSP), 387 te konfime (pousantaj sak pozitif se 36.6%). 

An jeneral, depatman Lwès la kontinye rapòte pi gwo kantite ka yo, ak 94% nan tout ka yo sispèk ki anrejistre (san konte 271 ka yo sispèk nan prizon Pòtoprens).  Ogmantasyon enpòtan sa a nan ka yo vini kòm yon « kriz imanitè ak sekirite konplèks » nan Pòtoprens ak vil vwazen yo ap kontinye. 

Daprè Biwo Rejyonal OMS pou Amerik yo (PAHO), aksè ak sèvis sante ak laboratwa limite anpil nan peyi a. Men malgre sa, ajans Nasyonzini an pè  pou siveyans epidemyolojik yo pa afekte nan maladi kolera. 

 OMS pa gen ase vaksen pou kolera  

Aprè Ayiti, epidemi kolera te rapòte tou nan Lafrik, Mwayen Oryan ak Azi di Sid, ki mete sante plizyè milyon moun an danje epi febli sistèm sante frajil yo.  Mete sou sa nan moman OMS ap rankontre yon gwo pwoblèm ki se vaksen yo pa genyen. 

Vrèman vre, nan 36 milyon dòz yo dwe pwodwi ane sa a, se sèlman 24 milyon dola serom yo te deja voye pou kanpay prevantif ak reyaktif. Kowòdinasyon Entènasyonal (ICG) la te apwouve 8 milyon dòz, pou dezyèm sik la nan vaksinasyon ijans nan kat peyi,  daprè sa OMS fè konnen. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Men yon lòt bò, demann pou vaksinasyon an tèlman wo  sa fè  OMS sispann pwogram vaksinasyon ki rekòmande 2 dòz la epi  li chanje li nan yon sèl dòz, nan jefò pou konsève rezèv la pou kapab gen ase pou satisfè demann lan mwa kap vini yo. 

Facebook Comments

- Advertisement -
TAGGED:
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.