Plizyè moun ki regwoupe yo nan 90 òganizasyon nan sosyete sivil la ekri yon lèt epi voye l bay prezidan ameriken an Joe Biden pou di yo pa dakò ak entèvansyon yon fòs militè sou sòl peyi d Ayiti.
Siyatè yo, pami yo American Friends Service Committee, Church World Service, Haitian Bridge Alliance, Institute for Justice & Democracy in Haiti epi Pax Christi USA, fè kopi lèt sila rive nan Mezon Blanch lan pa mwayen Sekretè d Eta ameriken an Anthony Blinken.
Tout mande pou premye sitwayen ameriken an evalye yon lòt fwa ankò sitiyasyon an, ak retire sipò li bay Ariel, ki defakto sou pouvwa, san konte li pa t eli epi non li site byen fò nan lanmò ansyen prezidan Repiblik la Jovenel Moïse.
Toujou nan lèt sila, 90 òganizasyon sila yo deklare yo gen anpil kè sote nan sa ki gen pou wè ak yon entèvansyon militè nan peyi a. Yo souliyen kèk pami divès pwoblèm yon dispozisyon konsa te koze nan tan pase yo avèk entèvansyon Minustah (Mission des Nations-Unies pour la Stabilisation d’Haïti) sou teritwa ayisyen an tankou vyòl, asasina, enpinite ak epidemi kolera 2010 la, se sa Lavwadlamerik rapòte.
American Friends Service Committee, Church World Service, Haitian Bridge Alliance, Institute for Justice & Democracy in Haiti, Pax Christi USA, pami yon dizèn lòt òganizasyon, mande pou prezidan Biden pousuiv pito “diplomasi djanm” ak ankèt kriminèl pou jwenn moun ki responsab zak vyolans yo nan peyi d Ayiti.
Yo te tou pwofite mande gouvènman ameriken an pou li reflechi sou desizyon l te pran pou opoze l ak sibvansyon gaz la nan peyi d Ayiti, akòz li chè pèsonn paka achte l aktyèlman. Sa lakòz pi fò aktivite yo paralize nan Pòtoprens kou nan vil pwovens yo.
Facebook Comments