Categories: EVENT

Kanga Zile ranpòte premye edisyon pri fotojounalis Vladjimir Legagneur

Share

4 lane apre disparisyon fotojounalis Vladjimir Legagneur, « Kolektif 50 milimèt » lanse yon pri nan non l, nan lide pou imòtalize jèn gason vanyan sa. Se fotojounalis Tcharly Coutin, moun plis konnen sou non Kanga zile, ki ranpòte premye edisyon an.  

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan lide pou onore travay Vladjimir Legagneur ak rann li imòtèl, Kolektif 50 milimèt ki gen nan tèt li kòm prezidan Edris Fortuné te deside mete sou pye premye edisyon « prix photojournaliste Vladjimir Legagneur ». Kanga zile, ki se youn nan fotojounalis anpil moun konnen pou kalite travay li, aksyon l poze ak pozisyon l toujou genyen nan sosyete a, ranpòte edisyon sa. 

Aprè distenksyon sa, Kanga zile pa t vrèman jwenn mo pou l eksprime l, sitou paske Vladjimir se yon kanmarad li te apresye anpil. Sou kont fesbouk li, li ta pral ekri :

Daprè Edris Fortuné, prezidan kolektif 50 Milimèt la, ki te remèt  yon plak donè a Kanga zile nan okazyon sila : « Travay fotojounalis la se yon travay rezistans. Misyon l se reveye konsyans ak defann sa k pi fèb yo ».  

Kèk tan aprè l fin fè premye piblikasyon k mansyone anlè a, Kanga zile ta pral fè yon lòt pou l deklare : « M ap kòmanse pou m remèsye ekip la pou gwo pri sila a yo mete kanpe pou onore / ankouranje jèn fotojounalis. S on lonè pou m ranpòte pri sila a 🙏🏿❤  

Yon fotojounalis “konsyan” s on revolisyonè, s on santinèl. Yon fotojounalis konsyan dwe itilize kamera l kòm zam pou denonse. “Yon imaj vo mil mo” Vlad te konn itilize kamara l pou l montre inegalite sosyal ki egziste nan mitan mas / pèp la… »  

Pi lwen, Kanga ta pral raple tout moun lanmò konfrè l Maxiben Lazarre ki te mouri aprè yon polisye te louvri kout zam sou jounalis ak ouvriye ki t ap minifeste jou ki te mèkredi 23 fevriye a : « Yè se te avèk anpil emosyon m te resevwa pri a, men tou yon lòt bò tristès te vin anvayi m. Byen vit ti frè m Fotojounalis Maxiben Lazarre pase nan lespri m. Li klè, lè OCCED t ap ban m sètifika a aprè m te fin ede ti elèv lekòl la ki te endispoze nan Gaz la, Maxiben te akonpaye m. Epi l te toujou ap di m, frè m, depi se kote y ap onore w, se mwen k pou ale ak ou… » 

Menm jan Vladjimir te konn fè l, Kanga zile souvan itilize kamera l kòm zam pou defann moun yo maltrete plis nan sosyete a ak pou l denonse sa k pa sa. Li pa janm rate yon okazyon pou pozisyone l kont yon seri de deriv. Youn nan zak li te poze ki grave nan memwa anpil moun se lè fotojounalis la te deside sekouri yon elèv ki pa t ka respire aprè lapolis te bay gaz lakrimojèn nan yon manifestasyon yon gwoup liseyen t ap fè pou reklame prezans pwofesè nan sal yo. Kanga te depoze kamera pou l pran demwazèl la sou do epi evakye l. Sa ki ta pral pèmèt li reprann li yon ti tan aprè. 

N ap raple fotojounalis Vladjimir Legagneur te soti jou ki te 14 mars 2018 la al fè yon repòtaj nan Gran Ravin e l pa janm tounen. 4 lane aprè, pa gen okenn siy ki montre gen yon ankèt k ap fèt pou chèche konnen nan ki kondisyon fotojounalis la pèdi lavi l. Inisyativ Kolektif 50 mm la reba l vi, nan yon sans. 

Peterson Dorsainvil

Peterson Dorsainvil est journaliste, écrivain, slameur et amoureux fou des lettres. En quête de moi-même, je fais de ma plume ma boussoule dans ce monde désorienté.

Leave a Comment
Published by
Tags: Kanga Zile Vladjimir Legagneur