NETALKOLE

Afwontman gang Site Solèy : 2 nouvo jounalis mouri nan kad yon repòtaj yo te al reyalize 

2 jounalis pèdi lavi yo nan zòn Site Solèy ayè dimanch 11 septanm lan, nan kad yon repòtaj yo te al reyalize sou afwontman gang Site Solèy yo fas ak gwoup gang Dèlma yo ki remele. Yo te yo 7 jounalis k ap travay nan plizyè medya anliy ki te ale nan dosye a, domaj 2 pami yo pat gen chans rantre lakay yo.

Frantzsen Charles ak Tayson. Lartigue, se non 2 kòlèg sa yo ki pa retounen lakay yo, aprè yon repòtaj plizyè jounali te al kouvri nan komin Site Solèy ayè dimanch lan, enfòmasyon yo revele bandi yo ta fizye yo apèn yo ta rive sou sèn dosye a. Alòske 5 lòt konpayon yo sòti vivan, kèk ladan yo ki te nan dosye a konfime se gang Site Solèy yo ki egzekite mesye yo. 

Pandan menm nou te kòmanse kolekte enfòmasyon pou ekri atik sa a, nou te fè yon dènye apèl telefonik pou nou te asire enfòmasyon an pa yon manti, Jounalis Robest Dimanche ki konen mesye yo byen epi ki toujou akonpanye yo, aprann redaksyon NAK MÉDIA, bandi yo ta boule mesye yo aprè zak la a.

Frantzsen Charles ak Tayson Lartigue alonje lis jounalis yo touye nan egzèse fonksyon yo aprè John Wesly Amady ak Wilguens Louissaint. Bandi ak zam te touye 12 janvye 2022 nan zòn Laboule. 

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Articles Similaires

1 of 1 155

Laisser un commentaire