Depi plizyè jou peyi Dayiti bloke akòz popilasyon an di l bouke viv nan move kondisyon chak jou pi plis, nan mitan kras, lavi chè ak ensekirite. Nan Pòtoprens kou nan vil pwovens yo, plizyè milye moun nan lari depi plis pase yon semèn pou fè revandikasyon yo pase, malgre tout sa pouvwa anplas la pa di anyen.
Se pa de sèn dechoukay ki pa anrejistre nan kapital la, pi patikilyèman nan zòn Delma ak Petyonvil, kote defisi yo anpil pou mèt kèk antrepriz. Moun k ap pwoteste piye pi fò nan yo malgre jefò lapolis deplwaye pou sekirize yo.
Nan kèk vil pwovens sitiyasyon an pa chanje, Okap , Okay , Jeremi, Tigwav, Mibalè, elatriye, tout la yo vwa piblik la bloke. Zòn Gonayiv, byen bonè vandredi 16 septanm lan popilasyon an te fenk kare ap dechèpiye depo Pwogram Alimantè Mondyal la (PAM) ki gen anpil pwovizyon alimantè anndan, yo di yo pa p fè bak.
Malgre tout dega sila yo n ap raple Premye minis lan Ariel Henry rete bèkèkè, li pa di anyen sou sitiyasyon an alòske l ap vin pi grav tanzantan.
N ap raple pwotestasyon yo ap fèt nan peyi a pou di non ak pri gaz la Leta ayisyen deside monte sou konsomatè yo, alòske lavi a deja chè anpil. Yon okazyon tou pou yo denonse rejim anplas la ki pa pran wòl li pou sekirize teritwa gang fin avanyi ak goud la k ap pèdi valè devan dola.
Depi dènye mouvman lidè Pitit Desalin nan, Moïse Jean Charles nan Nò peyi a, pèp ayisyen deside jwe kou pou kou ak rejim Tèt Kale a, yo di fòk yo pran desten yo an men. Yo sou plizyè semèn nan lari ap fè vwa yo pase, tout aktivite paralize. Ayiti an mòd « lòk ».