NETALKOLE

Nouvo prezidan peyi Kolonbi a mande Ayiti padon pou asasina Jovenel Moïse 

Prezidan Kolonbyen an Gustavo Petro te mande Ayiti eskiz Mèkredi 22 septanm 2022 a,  pou asasina Prezidan, Jovenel Moïse, nan dat  ki te 7 jiyè 2021, anba men ansyen sòlda Kolonbyen yo. 

Prezidan  peyi Colombie a  nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li a , mande pèp Ayisyen an eskiz pou asasina ansyen prezidan an Jovenel Moïse, ki  gen plis pase yon lane. Menmsi Gustavo Prieto pa bay plis detay, men li pibliye mesaj sa pandan li New-York, nan Asanble Jeneral Nasyonzini  an. 

« Jodi a mwen mande Ayiti eskiz pou asasina prezidan li, mèsenè Kolonbyen yo te tiye a », se sa Prezidan an Gustavo Prieto te ekri sou kont Twitter li. 

Nap raple, Jovenel Moïse te asasinen nan lanwit 6 pou rive 7 jiyè 2021 laky li,  plis pase yon lane aprè zak sa ankèt sou krim ansyen Prezidan toujou ap trennen. 

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Articles Similaires

1 de 1 075

Laisser un commentaire