Amnesty International sòti yon kominike pou denonse move tretman Lèzetazini ap bay Ayisyen yo k ap tante rantre lakay li ilegalman. Aprè l te fin entèwoje plizyè migran Ayisyen Lèzetazini te voye lakay yo an Ayiti, li jwenn pi fò nan yo pa gen yon bon temwayaj sou tretman otorite yo te bay yo pandan peryòd sa.
Kay Tonton Sam maltrete konpatriyòt yo jis paske yo sòti nan ras nwa epitou paske yo se Ayisyen, se sa òganizasyon non gouvènmantal la fè konnen.
Nan rapò li, Amnesty International revele migran sa yo pat jwenn aksè ase ak manje, swen lasante oubyen enfòmasyon jiridik pandan peryòd konfinman yo Ozetazini. Genyen fanmi yo menm separe lè y ap voye tounen pa bò isit an Ayiti, tout sa anba gwo menòt nan men yo.
“Anpil nan temwanyaj nou jwenn yo rakonte mizè, soufrans ak doulè sikolojik tretman sa yo koze kay yon pakèt Ayisyen. Tretman sa yo raple yo esklavaj ak kriminalite”, se sa dokiman detaye.
Òganis lan rapòte anplis move tretman sa yo, ant Oktòb 2021 ak Out 2022, se prèske 50 mil migran ayisyen otorite amerikèn imigrasyon yo kenbe an detansyon lakay yo. Ant septanm 2021 ak mwa me 2022, Lèzetazini voye tounen lakay yo 25 mil Ayisyen, daprè done gouvènman ameriken an.