Categories: AN KREYÒL

Laurent Lamothe mande deplwaman yon fòs espesyal an Ayiti pou rezoud pwoblèm sekirite a

Share

Depi plizyè lane, Ayiti ap fè fas ak gwo pwoblèm sekirite, espesyalman pwopagasyon gang yo nan peyi a , ogmantasyon zak kriminèl yo elatriye. Se nan sans sa ansyen Premye minis  Laurent Lamothe fè konnen  se sèlman yon fòs espesyal entènasyonal ki ka ede soulaje pwoblèm sa yo peyi a ap rankontre a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li jodi madi 27 septanm sa, Laurent Lamoth : 

“AYITI bezwen èd !  SEKIRITE pouAyiti! Non nou pa vle okipasyon  MILITE, nou bezwen yon unite Int’l Spesyalis  ANTIGANG, Yon operasyon limite nan tan, ki pou 1 : met fen ak gang+kidnapin 2. Antrennen ak ekipe #PNH ak #LamedAyiti pou yo menm ka bay sekirite tout tan tout kote” 

Yon lòt bò ansyen lokatè Primati a sijere tabli yon komisyon ankèt entènasyonal pou dechouke tout moun ki nan tèt ansanm ak gang yo. 

“Yon faktè enpòtan nan konba  GANG yo se KANPE FINANSMAN an ! Yon  ANKET ENTENASYONAL nesesè pou trake moun KI SIPÒTE AK FINANSE tout GANG YO! Kote lajan kidnapin yo fè? An 2021 te gen 950 KIDNAPIN! 90% peye pou yo chape ki wout lajan sa yo fè? “, te fè konnen ansyen Premye minis lan Laurent Lamoth. 

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by