Categories: AN KREYÒL

Yon bato koule, 4 moun mouri Lagonav

Share

Ayè madi 27 septanm 2022 a, yon bato ki t ap sot Lewogàn pou ale Lagonav koule epi lakòz 4 moun mouri, pami yo yon tibebe 2 lane.Toutfwa genyen sivivan, daprè sa nou aprann. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Wi, suit ak dram nan yon operasyon sovtaj te pèmèt 10 moun sove nan mitan lanmè a, men chif sila pwovizwa, daprè sa La Nouvelle rapòte. 

Byen bonè madi 27 septanm nan, plis pase yon dizèn moun te pran yon batiman ki sòti Lewogàn pou te yo Lagonav, lè yo prèske rive li koule nan mitan lanmè. 3 granmoun ak yon ti gason 2 lane peri nan dlo, yon lòt kote 10 lòt rive sove. 

Nouvèl trajedi a mete anpil moun an dèy sitou nan kominote Lagonav la, kote pasaje sila yo t ap rann yo. Tout pandan jounen yè a ekip sovtaj yo t ap gade si pa gen lòt viktim toujou. 

Pa gen okenn enfòmasyon ki bay sou kantite moun bato sila t ap transpòte ale Lagonav, ni tou pa gen okenn detay ki bay sou kapitèn bato a, si l pami moun yo sove yo, oubyen si l mouri. 

Witson Beaujour

Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.

Leave a Comment
Published by