Categories: AN KREYÒL SEXUALITÉ

Yon ògas ka rann ou avèg pou yon bout tan

Share

Lè w tonbe damou, sèvo a resevwa yon pakèt òmon ki afekte zòn ki responsab jijman ou, ki pèmèt ou konnen sa ki byen ou mal e tou ki fè w konnen ki pi bon chwa ou ka fè pou lavi w. Se rezon sa ki bay ekspresyon lanmou rann avèg la. Men nan sans pwòp la, li ka rann ou avèg tout bon menm si se pou yon tikal tan, paske atenn yon ògas gen kapasite sa. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan lane 2014 nan lopital Southampton nan Wayòm Ini, yon mesye ki te gen 29 lane, pèdi vizyon nan je goch li aprè yon rapò seksyèl. Se konsa tou nan lane 2017 nan peyi Lafrans, yon jèn fanm te debake nan sèvis ijans nan lopital Toulouz, paske britsoukou pandan l ap fè bagay li remake li pa wè ditou nan je dwat li. Egzamen te revele plizyè emoraji nan pati entèn zye ki pèdi vizyon an. Syantifik yo rele sa rétinopathie de Valsalva post-coïtale. 

Se Oftalmolojis ameriken an Thomad Duane ki te dekri patoloji sa pou premye fwa nan lane 1970. Rétinopathie de Valsalva post-coïtale la ogmante britsoukou presyon venn retin nan ki lakòz ti veso ki nan zye yo koupe, oubyen lè glòt la ret fèmen. Pandan yon ògas, akoz sistèm nève parasenpatik nève a, presyon vaskilè retin nan ogmante. Lè glot la fèmen epi sistèm nève parasenpatik la al pran woulib sou yon expirasyon, presyon venn yo vinn ogmante. Kidonk pandan yon bon ti moman ou ka pèdi vizyon ou.  

Ensidan sa rive yon moun lè li fè yon gwo efò fizik tankou akouche, touse, leve yon bagay lou, vomi e menm pandan li gen yon ògas. Sa ka rive tou yon gason ki ralanti ejakilasyon li, nan ka sa li ka ouvri bouch li pou l respire. Nan stad pre-ejakilatwa, sistèm nève parasenpatik nève a lakòz veso retin yo dilate akòz sikilasyon sangen an ki ogmante a. Se sa ki ka lakòz yon gason pèdi vizyon li pandan oubyen aprè li finn gen yon rapò seksyèl. 

Doktè yo wè kèk emoraji entèn nan zye a sitou anfas epi anndan retin nan. Emoraji sa yo prezan tou nan zòn ki nan mitan retin nan ak kristalen an, nan zye ki pa gen vizyon an. 

Pèt vizyon sa pa la pou lontan, zye ki te andomaje a ap retounen nan nòmal li pandan 2 a 3 mwa san okenn tretman, daprè doktè Vincent Soler. Li te deklare sa nan yon atik ki parèt nan magazin Près medikal. 

 

Sam Sarah Devilus

Journaliste / Communicatrice / Bookstagrameuse.

Leave a Comment
Published by