Categories: AN KREYÒL

Konstriksyon kay pou plis pase 600 fanmi nan Grandans

Share

Plis pase 600 fanmi nan depatman Grandans peyi a pral gen pou benefisye kay pou yo rete nan kad koperasyon ant Ayiti ak Pwogram Nasyonzini pou devlopman, yon lane aprè tranbleman tè 14 dawout 2021 an ki te ravaje pati Sid peyi a. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Gras ak finisman Ajans koreyèn koperasyon entènasyonal (KOICA), plis pase 600 fanmi, pami yo kèk ki abite nan zòn bò lanmè, komin Dammari, nan depatman Grandans, pral kapab benefisye kay pou yo rete. 

Sou rezo sosyal yo, Pwogram Nasyonzini pou devlopman anonse konstriksyon kay pou gwoup fanmi sa yo ki pral gen pou viv pou kounya an sekirite ak diyite, nan kad pwojè sa k ap reyalize gras ak finansman peyi Kore. 

Depi pasaj tranbleman tè 14 dawout 2021 an, abitan nan gran Sid yo toujou nan gwo difikilte pou rekanpe. Gouvènman Ayisyen an, nan kòmansman ane a, te deja anonse yon plan pou rekonstwi depatman ki te frape yo. 

Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by